Menu

Anivince JEAN BAPTISTE

PÒTOPRENS

En résumé

PREZANTASYON ANIVINCE JEAN BAPTISTE (Tivens)

Anivince JEAN BAPTISTE (Tivens) se nèg Nòdwès Ayiti. Otè yon demi dizèn liv ki parèt an kreyòl ak an franse, kanmarad la se manm Sosyete Koukouy, prezidan / fondatè Tanbou-Literè, Direktè Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK). Nan lang kreyòl, Tivens pibliye : De bò goch, « Editions CHOUCOUNE », 2014 ; Fou nan souf Woutfrè, Atelye piblikasyon REK, 2015 ; Zo kanzo, Atelye Piblikasyon REK, 2017.

Tivens se yon pyepoudre, depi lane 2012, tribòbabò nan peyi a, l ap anime konferans/ deba sou lang ak literati kreyòl ayisyen an. Depi mwa avril 2017, sou pwopozisyon ekriven, pwofesè, istoryen Michel SOUKAR, Tivens ap anime PAWÒL KREYÒL, yon emisyon sou literati kreyòl ayisyen an, sou radyo Sinyal FM. Nan mwa me 2017 la, Anivince te resevwa envitasyon Biwo Santral Sosyete Koukouy ak « Miami Dade College » pou te fè yon konferans sou literati kreyòl ayisyen an nan peyi Etazini (nan kad « Little Haiti Book Festival »).
Jenn gason dinamik, kontribisyon Anivince nan pwomosyon lang ak literati kreyòl ayisyen an enpòtan anpil. Kanmarad la (jan li renmen di) fè entèvansyon tribòbabò nan peyi a, tankou : Gonayiv (« CENTRE PEN » Gonayiv, Alliance française »…); Pòtoprens ( Direksyon Nasyonal Liv / « Foire Internationale du livre d’Haïti », « Festival International Etonnants Voyageurs », ARAKA, « Partageons les livres »…). Senmak (CLAC). Pou selebre Mwa Lang ak Kilti Kreyòl 2017 la, « Association Jeunes et Jouvance » te chwazi li kòm envite donè.
Yo tradui Powèm kreyòl Tivens yo nan plizyè lang, epi yo pibliye nan plizyè antoloji, tankou : Zile a / Las Isla, Antoloji bileng (kreyòl- espanyòl), desanm 2016, Claude Sainnécharles ; « La poésie créole haïtienne de 1986 à nos jours », Antoloji bileng (kreyòl- Fransè) « Acte Sud / Ateliers du Jeudi Soir », 2016, sou direksyon Lyonel Trouillot

Entreprises

  • Regwoupman Ekriven kreyòl - Direktè

    2013 - maintenant

Formations

Pas de formation renseignée

Réseau

Pas de contact professionnel

Annuaire des membres :